Bandi sansal kap opere nan zòn Dèlma touye epi boule yon jèn gason devan fanmiy li

409
2
Share:
TRiboLAND


07 – 24 – 2024

Dèlma, Ayiti ______(TRiboLAND) Bandi sansal kap opere nan zòn dèlma ki gen nan tèt li Jimmy Cherizier alyas Barbecue touye epi boule yè madi a, Junior L’aimé 42 lane lakay li, an prezans madanm li ak kèk lòt manm fanmiy.

Daprè yon sè defen an ki tap entèvni nan mikwo Laprès, asasen yo fin touye mesye a epi kaptire madanm lan pandan yo vyole-l ak bat li avan yo lage-l.

Manm kowalisyon Viv Ansanm yo kontinye ap teworize moun nan sosyete a san kè sote, devan grenn je yon Leta koupyon ki pa sispann desan kole ak politichyen ou richyen sansal ki nan danse kole ak bandi.

Malgre prezans fòs miltinasyonal la, bandi yo toujou ap fonksyone kòm sèl kòk chante nan peyia. Yon sitiyasyon ki fè divès moun pa sispann poze kesyon ki vrè misyon fòs etranje lòbèy krizokal sa yo sou bout tè Papa Dessalines lan. ‎

Share:

2 comments

Leave a reply