Senlwidinò : Moun Bèje dekouvri 2 kò san vi bò lanmè a

402
0
Share:
TRiboLAND


07 – 23 – 2024

Senlwidinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Moun lokalite Bèje, dekouvri byen bonè maten madi 23 jiyè 2024 la, 2 kò san vi ki echwe bò bònnmè anba vag lanmè nan zòn Maygòy sou komin Senlwidinò.

Moun nan lokalite a te vrèman boulvèse ak 2 kò san vi sa yo ki kòmanse dekonpoze. Konsa, yo te fè apèl ak otorite lokal yo pou fè konsta legal kadav yo ki te mete tout zòn nan sou deran.

Nap raple, sa pa genyen lontan depi ke popilasyon nan Ba Lenbe te fè fas ak yon ekip kò san vi ki echwe sou yon plaj ki te chaje renmen wè avèk jouda 2 men nan tèt.

Share:

Leave a reply