Lapolis nan tèt kole ak lajistis mare kou krab ansyen komisè pakè Okay la.

0 7- 23 – 2024
Okay, Ayiti ___(TRiboLAND) Lapolis nan tèt kole ak lajistis nan nan vil Okay, mare kou krab èks komisè pakè jiridiksyon Okay la, Mèt Ronald Richmond jounen madi 23 jiyè 2024 la.
Ansyen chèf pakè jiridiksyon Okay la, ki tap repon’n kesyon konfrè medyatik yo nan vil Okay, fè konnen li pa konnen pou ki sa lapolis arete li. Selon Mèt Richmond, yo pa menm prezante li yon manda avan arestasyon an.
Nap siyale, jij denstriksyon nan tribinal sivil Okay la, Mèt Jean Michelet Séïde te mete entèdiksyon depa kont ansyen komisè a, ak tout 6 polisye ki se ajan sekirite li, pou enplikasyon yo nan dosye lanmò jounalis Tess Gary a.






