LINOFI voye jete byen lwen chwa òganizasyon feminin “Dialogue Inter – Femme”

07 – 23 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon konferans pou lapwès jounen madi 23 jiyè 2024 la, Lyezon Òganizasyon Fanm pou Entegrasyon, voye jete byen lwen chwa òganizasyon feminin “Dialogue Inter – Femme” nan.
Lyezon Òganizasyon Fanm, mande pou Konsèy prezidansyèl tranzisyon (CPT) a, fè chwa yon nouvèl òganizasyon ki kapab byen mennen pwosesis la ki pral kapab abouti pou reprezante fanm yo nan fòmasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a, dapwè kòdonatriis Nancy Decejour Policier.
Yon lòt kote, LINOFI mande “Dialogue Inter – Femme”, sispann tout aksyon, tout demach yo deja antreprann sou teren an. Pou yo menm, pwosesis la pa klè pou divès kandida ak tout lòt òganizasyon nan vil pwovens yo, pandan-l fè konnen estwikti yo chwazi a, pa menm genyen yon adrès fiks ni li pa rekonèt devan Leta.