Òganizasyon Fanm Solèy Lespwa mande liberasyon Gaston Mainviel prese prese.

356
0
Share:
TRiboLAND

 

07 – 22 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Òganizasyon Fanm Solèy Lespwa nan yon konferans pou la pwès maten lendi 22 jiyè 2024 la, nan lide pou mande liberasyon tout militan politik yo estime lapolis ak lajistis nan Tigwav mete nan prizon ilegalman Gaston Mainviel.

Fanm Solèy Lespwa pa manke mo pou denonse fason otorite yo ap distribye lajistis la nan ti mamit nan jiridiksyon Tigwav la; yo fè konnen lajistis la pa fèt pou malerèz ak malere, se gwo chabrak ki genyen lajan ki genyen aksè ak jistis nan jiridiksyon an.

Estrikti fanm nan deklare, Gaston Mainviel pase plizyè ane ap soufri nan prizon san li pa janm pase devan jij natirèl li. Selon Fanm Solèy Lespwa, lajistis pa reteni gwo chaj kont Gaston Mainviel, yo repwoche li kòm moun ki tap tire ròch nan manifestasyon sou lapolis.

Nan sans sa a, òganizasyon FSL bay otorite lajistis yo nan Tigwav 25 – 26 – 27 jiyè 2024 kap vini la, pou prosede ak liberasyon Gason Mainviel; yo menase bloke tout aktivite nan vil la, manifeste e menm bloke wout Gransid la pou fè tande rekèt yo.

Share:

Leave a reply