2 ajan SWATT pèdi lavi yo nan yon aksidan dwòn nan Kenskòf

276
0
Share:
TRiboLAND

Kenskòf, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo trajedi fwape inite elit Lapolis la, SWATT, madi 19 dawout 2025 la, nan komin Kenskòf. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND.com, yon dwòn ki te sipoze dirije sou pozisyon bandi yo, ta mal manipile epi li tonbe sou yon baz kote plizyè ajan SWATT tap pran pozisyon.

Aksidan sa a lakoz lanmò de (2) ajan SWATT pandan anviwon sis (6) lòt sòti blese grav. Sitiyasyon an kreye gwo tansyon nan mitan manm inite a, ki santi yo trayi ak ekspoze pandan operasyon yo.

An reyaksyon, ajan SWATT yo pran lari aswè a devan Direksyon Jeneral Lapolis la (DCPJ) nan Pòtoprens. Yo blòk aksè ak yon gwo kontenè 45 pye kòm siy pwotestasyon pou lanmò frè dàm yo. Yo mande responsablite sou fason materyèl sofistike tankou dwòn yo ap manipile nan misyon kont bandi ame yo.

Pou kounye a, lapolis poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou aksidan an, men tansyon an rete wo nan mitan inite SWATT la ki deja sou presyon akoz konfwontasyon ak gang yo nan plizyè zòn nan kapital la.

Share:

Leave a reply