Nò Dayiti : popilasyon an egzije responsab PNH yo pou kontinye kwape bandi k’ap taye banda nan plizyè zòn nan depatman an.

07 – 06 – 2024
Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon an nan depatman Nò peyi Dayiti tankou, Pon Larivyè Sale, Limonad, Katye Moren, ak Mòn Wouj, poun site sa yo sèlman, pa sispann leve vwa yo byen wo akòz bandi k’ap miltipliye bwas pou achte zòn sa yo nan depatman an lajan kontan.
Pou konbat tandans bandi yo ki retounen vin pyafe nan zòn sa yo, popilasyon an mande ak direksyon depatmantal Polis Nò a nan tèt kole ak SDPJ, pou yo rive kolabore jan sa te ye avan, nan lide pou kwape bandi yo ki pa sispann vyole jenn fann, bwake zam sou abitan pou vòlò bataklanm yo pote.







Can you be more specific about the content of your article? After reading it, I still have some doubts. Hope you can help me.