Moun Solino touye epi boule yon adolesan 10 lane akoz li se antèn bandi

07 – 06 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Moun Solino pase yon adolesan 10 lane anba bwa kale yè vandredi 05 jiyè 2024 la, akoz yo akize li kòm antèn chèf gang Jimmy Cherizier anpil moun konnen sou non Barbecue.
Nan moman moun yo mete men sou tchovi an, aprè divès pataswèl li avwe se chèf gang Dèlma ki voye-l, sa ki ta pral pou se plim sou do moun yo pou touye-l epi mete dife sou kadav la.
Timoun yo pa sispann viktim sou tout fòm nan peyi Dayiti, lè se pa zak maltretans yap sibi lakay moun yo rete, se bandi kap itilize yo pou fè antèn pou regle zafè yo, finalman popilasyon an mete fen nan vi yo sou akizasyon antèn reselè.