Lapolis ak lajistis nan depatman Latibonit poze lapat sou 3 prezime manm gang Kokorat San Ras.

05 – 03 – 2024
Gonayiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon ajan PNH yo mennen nan dat jedi 02 me 2024 la nan tèt kole ak lajistis, yo rive mare kou krab, 3 prezime manm gang Kokorat San Ras nan Gonayiv, k’ap opere nan tout depatman Latibonit lan.
3 prezime gwo koure sa yo, se Jean David, Pierre Felner ak Adrien Donald, alyas Dezòd. Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, gwo koure ki pote non, Jean David la, se li menm ki tap vin resevwa kòb nan men fanmiy yon moun yo te kidnape, se konsa komisè gouvènman pakè Gonayiv la Mèt Guiverna ta pral tou poze lapat sou li, ki ta pral palaswit, kondwi komisè a nan lokalite Asifa pou tal rejwenn 2 lòt gwo koure kriminèl parèy li yo.
Nan moman n’ap pale la, 3 gwo koure sa yo, deja bèl e byen doze anba men lapolis ak lajistis pou tout swit legal yo.





