Plizyè kretyen vivan ta sanble pèdi lavi yo nan kad yon nofraj chaloup nan depatman Nòdwès peyi Dayiti. 

188
0
Share:
TRiboLAND

 12-31-23 
 
Bonbadopolis, Ayiti__(TRiboLAND) Anpil fanmi, zanmi gen kè yo sou biskèt nan moman nap pale la. Yon chaloup ki asire trajè maritim nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan komin Bonbadopolis ta sanble fè nofraj nan kèlke èdtan ki pase yo. 
 
Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND nan moman nap pale a, ta fè kwè plizyè moun deja fè vwèl pou peyi san chapo nan kad nofraj chaloup sila. 
 
Poze kesyon pou konnen nan ki direksyon chaloup la tap pran ? Pèsòn pako an mezi pou founi vrè kòz ki ta lakòz nofraj sila, sepandan yo fè nou konnen chaloup te chaje ak ragagann. 

Share:

Leave a reply