Popilasyon an nan Site Kapwa Lamò a, aplike pou yon vòlè nan kad pwogram “Bwa kale” a.

881

Yon endividi pèsòn pa rive idantifye pase anba flann dife byen bonè maten jedi 10 dawou 2023 a nan vil Pòdpè.

08-10-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon an nan vil Pòdpè, patikilyèman nan zòn Chan Avyasyon, enskri byen bonè maten jedi 10 dawou 2023 a, yon vòlè nan pwogram “Bwa Kale” a.

Nan moman nap pale a, pèsòn pat kapab revele idantite endividi sila ki benefisye pwogram “Bwa kale”a. Tout fwa enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, endividi sila te akonpanye ak plizyè lòt zèfèyis ki tap kase yon kay nan yon distans kèlke mèt Chan Avyasyon an, nan Site Kapwa Lamò a.

Pilonnen ak kout bwa, kout wòch, epi pase anba kawoutchou, enkoni an te finalman kabonize apwè yon parèy dram “Bwa Kale” a.

Comments are closed.