Yon gwoup moun ki fè tèt yo pase kòm patizan mè Caleb ta tante mete dife nan UniBank

09/16/2026
Dealma, Ayiti_____(TRiboLAND) Plizyè sitwayen ki ta sanble fè tèt yo pase pou patizan mèt Caleb Jean- Baptiste tante mete dife nan pwensipal pòt antre UniBank lan ki lokalize nan Delma 71 jodi mèkredi 16 septanm 2026 la, selon kèk moun nan zònn lan ta rapòte.
Enfòmasyon yo vle fè kwè ke moun sila yo ki ta revandike libète mèt Caleb ki anba men yon gwoup gang nan depatman Latibonit depi plizyè jou; nan sans sa, patizan avoka a, ta akize yon seri gwo tèt nan Unibank ki ta dèyè zak kidnapping Caleb la.
Temwen ki te la pandan dife a, fè konnen se pa ti twa manèv pwòp anplwaye enstitisyon tap fè pou arive etènn souf dife a ki te kòmanse ap kandale moute. Antre espas ta gentan flanbe, alòske se ti bokit dlo konsène yo tap miltipliye pou kentan gen kontwòl dife menm avan sèvis ponpye te vini atan.
Antouka, kontrèman avèk rimè ki ta vle fè kwè ke se yon gwoup moun ki te vini an chango pou mete dife akoz lajan yo ke bank lan pa kapab ba yo; se achi fo, temwen yo deklare pat janm genyen bagay konsa; sinon ke se tantativ pou flanbe enstitisyon, ki ta sanble konplis nan zafè mèt Caleb la, daprè yon seri temwen.






