Sendika transpòtè yo nan 2è vil peyi Dayiti move kou kong, kont desizyon gwo ponyèt direksyon OAVCT ki deside ogmante pri asirans veyikil yo.

188
0
Share:
TRiboLAND

12 – 18 – 2023

Kap-Ayisyen, Ayiti__(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non Sendika sektè transpò tèrès yo nan vil Kap-Ayisyen, sendikalis yo denonse jounen lendi 18 desanm 2023 a desizyon inilateral direktè jeneral OAVCT a, Fritzner Bernadel, lèl ogmante san kondisyon pri asirans veyikil piblik tankou prive yo.

Dapwè responsab sendika yo, ogmantasyon sila evalye a anviwon 300%. Kèk sendikalis ki tap pale fè konnen, ogmantasyon sila fèt nan do lalwa. Yo kontinye pou di, direktè jeneral OAVCT a pa gen dwa ak kalite pou pran gwosè desizyon sa a ki koze chofè e pwopriyetè veyikil yo, gwo domaj.

Nan sans sa a, sendikalis yo mande ak direktè jeneral OAVCT a, pou li retounen prese prese sou desizyon sila, paske yo konte foule beton an nan jou kap vini la yo.

Share:

Leave a reply