Plizyè pèsonaj denonse zòn site Planto ki pran plis pase 2èd tan bloke akoz yon chanpyona tikan nan lari a

07-10–2023
Wanament, Ayiti ____(TRIboLAND) Sikilasyon te blòk nan nivo site Planto; yon anbouteyaj ki dire plis pase 2èd tan anba je otorite kominal yo, nan ri Libète pandan sware 9 jiyè 2023 a.
“Chanpyona foutbòl tikan” sila nan ri libète, okazyone anpil bouch louvwi ak machwè gonfle lakay anpil sitwayen ki te anpetre nan yon sikilasyon ki te totalman paralize. Rezidan yo pat manke denonse parèy konpòtman sila yo; kote group jèn sa yo te deside bloke wout la.
Anpil moun kesyone yon parèy konpòtman, ki afekte dwa sikilasyon lòt moun, alòske se pa teren foutbòl ki pa genyen nan Wanament.
Sitwayen sila yo swete otorite konsène yo pran yon desizyon pou desitire sa kap devlope la, avan sa pa soulve konfwontasyon ant pleziyè ak rezidan.






