Ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi an, madam Sylmatha Pierre, mande manm popilasyon an, kreye kondisyon pou lapè, sa kap fasilite devlopman komin lan.

950

02 – 29 – 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Prezidant komisyon kominal enterimè Jeremi an, madam Sylmatha Pierre, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, mande popilasyon an nan Jeremi pou kreye yon klima lapè, ak serenite, nan mitan sosyete a, defason pou fasilite devlopman fèt nan Komin Jeremi an.

Madam Pierre pwan kòm ekzanp travay betonaj nan vil Jeremi kap fèt sou sipèvizyon administrasyon kominal Jeremi an, sa ki pèmet , genyen djob ki kreye nan mitan popilasyon an, men tou konstwi tout yon seri enfwastrikti kap fè vil Jeremi, repwann eskanp figi li.

Nap fè remake, administrasyon kominal Jeremi an, ki genyen a la têt li, madam Sylmatha Pierre, mesye Joël Jean Baptiste, ak madam Ivrose Pierre Alexandre, genyen mwens ke 2 mwa, depi komisyon an,prete sèman ak enstale nan pòs yo.

Comments are closed.