Bandi kap opere nan lokalite Lakwa Peris, kidnape yon jwè Atletic Club kap evolye nan depatman Nòdwès la.

45

07-10-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nèg ak zam kap opere nan lokalite Lakwa Peris, kidnape Boutros Orelus, ki se yon jwè foutbòl Atletic Club kap evolye nan depatman Nòdwès la, jounen dimanch 09 jiyè 2023, nan zòn Lakwa Peris, depatman Latibonit.

Group sangwen an poze zak la, nan moman Boutros te sot jwe Leyogàn nan chanpyona vakans daprè divès enfòmasyon.

Boutros se yon jwè foutbòl kap evolye nan Athletic Club nan komin Pòdpè a. Li trouve li koulya nan men ravisè yo. Jis koulya pa genyen oken detay sou kantite lajan yo mande. Divès moun nan site Kapwa Lamò a, pa sispann mande libererasyon jèn foutbolè a, paske li pa gen lajan pou ba yo.

Comments are closed.