Yon avyon krache sou pis Avyasyon Sivil Ansagalè a, nan komin Lagonav.

06-30-2023
Ansagalè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon avyon ki imatrikile HH ASA krache sou pis aterisaj sivil Ansagalè a, jounen vandredi 30 jen 2023 a, sa ki lakòz fren aterisaj avyon sila dekapite epi vòltije nan raje.
Enfòmasyon ki rive jwenn korespondan TRiboLAND yo ta fè kwè, ensidan sa a rive, se nan moman avyon sila t’ap vin pote lajan pou yon enstitisyon bankè ki pote non UNIBANK.
Aparèy la, ki te genyen yon pilot akonpanye ak yon lòt moun, sòti sen e sof. Yo pa grafwiyen, san oken domaj fizik ak vizib daprè deklarasyon moun ki te sou plas yo.
N’ap raple ou, premye jiyè 2023 a, ap fè 2 lane depi ke yon avyon te fè kolizyon ak yon moto sou menm pis aterisaj sila a ki nan yon move eta, nan rejyon Ansagalè.






