Fòs lòd yo nan komin Lagonav poze lapat sou Junior Tranchant, yon jèn k ap fè zewo tounen nèf.

827

04 – 17 – 2024

Lagonav, Ayiti__(TRiboLAND) Fòs lòd yo nan komin Lagonav, patikilyèman nan lokalite Ansagalè anonse yo poze lapat sou Junior Tranchant, jèn gason 30 lane ki pran malen plezi nan kase kou ti peyizan yo nan komin nan.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo arive boske sou zile a, ta fè kwè, Junior ta fè tèt li pase kòm lidè òganizasyon k’ap ede moun; ranmase plizyè milye goud anba men divès ti malere ak malerèz nan komin Ansagalè.

Move kon kong kont konpòtman malonèt endividi sila, abitan yo pat pran tan pou alète fòs lòd yo, ki ta pral fouke san pèdi tan Junior Tranchant kap tranche moun e ki pou koulya ap reflechi anba men fòs lòd yo.

Comments are closed.