Lucmane Delile deside kouri dèyè vòlè tè anndan peyi a

389

Pòtpwens____(TRiboLAND) Nan yon konferans ke libay jodi jedi 25 jwen 2020 an, minis Jistis la, Lucmane Delile atake gwo problèm tèryen k ap brase bil peyi Dayiti ak diaspora a.

Li profite raple Konstitisyon 1987 la garanti dwa propriyetè tè pou tout sitwayen e ankouraje viktim yo pote plent kont tout kò malfektè e denonse tou kèk asosyasion ki kanpe an kwa kont tout aksyon otorite etatik yo pou pouswiv koupab yo.

Minis jistis la detèmine pou mete lòd e kòmanse deklentche yon koukou wouj dèyè tout vòlè tè kote ke diaspora a se prensipal viktim. Li envite tout sa yo ki viktim anba pichon sa, pote plent atravè 18 jiridiksyon peyi a yon fason pou otorite konpetant yo kapab aji.

Aksyon vòlè tè lòt moun, se youn nan prensipal kansè ki fini ak peyi a; li se egalman yon pratik ki enstitisyonalize ki konpoze yon kò mafya ki melanje ak (notè, avoka, jij, depite, senatè majistra, koutche, gadyen ak senp sitwayen ki fè tèt yo pase kòm propriyetè) moun ki bay diaspora a repiyans. Li toujou fasil pou yon moun jwenn problem tè prèske nan chak fanmiy ayisyènn.

Comments are closed.