Lidè Fòs Nou an nan Nòdwès felisite MTPTC pou yon seri avanse nan kad konstriksyon twonson wout Ansafolè /Pòdpè a.

287
0
Share:
TRiboLAND

Paul Elie Faustin mande tout pitit Nòdwès pote boure, pou fè avanse travay konstriksyon twonson wout Ansafolè/Pòdpè a.

02-27-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, lidè òganizasyon Fòs Nòdwès Ini an, Paul Elie Faustin, tounen yon veritab kòk chante, nan klewone mesaj konstriksyon twonson wout Ansafolè/Pòdpè a, ki jwenn ti miyèt mwayen anba benediksyon BID, kap gen pou egzekite anba lobedyans Ministè Travo Piblik branch Nòdwès.

Nan sans sa a, lidè Fòs Nòdwès Ini an, ki reprezante #1 sosyete sivil nan lide pou founi je gade sou travay sila, bat bwavo lakontantman pou yon seri avanse tankou : nouvo materyèl, bil bòd poun site sa yo sèlman; ke li jije bon nan kad avansman twonson wout Ansafolè/Pòdpè a, ki reprezante jis jounen jodia yon defi majè pou pitit Nòdwès.

Konsidere reyalizasyon pwojè sila kòm yon valè ajoute pou depatman an, Paul Elie Faustin mande ak tout pitit Nòdwès kole tout enèji ke yo genyen ansanm yon mannyè pou pwojè a kapab reyalize.

Share:

Leave a reply