Pon Ri D. Estime a an Peril : MTPTC Kite Travay la, Popilasyon Pòdpe a an Kòlè

122
0
Share:
TRiboLAND

02/24/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Sitiyasyon an vin pi grav sou Ri D. Estime a, prensipal antre vil Pòdpe, kote pon an ki te deja kòmanse kraze rete jounen jodi a san reparasyon apre MTPTC nan Nòdwès leve kan li.

Daprè temwayaj plizyè manm nan popilasyon an, tout bagay te kòmanse lè responsab yo te vini pou fè entèvansyon sou pon an. Olye yo te mete yon estrikti solid ki ta ka garanti sekirite ak dirabilite travay la, yo te limite yo ak kole kèk bout fè sou menm ansyen baz pon an ki deja frajil. Sitiyasyon sa a te pwovoke gwo endiyasyon bò kote rezidan yo ki te konsidere demach la kòm yon travay de grenn gòch.

Fas ak presyon popilasyon an ki te kanpe pou denonse sa yo rele yon “meskenste” nan 21e syèk la, Direktè depatmantal MTPTC a, Enjenyè Angelo Horaicus, ki te deja pwomèt pou fè pon an, ta fache, leve tout materyèl enstitisyon an epi kite zòn nan. Depi lè sa a, okenn lòt entèvansyon pa fèt sou pon an.

Ri D. Estime se wout prensipal vil la; se la machin piblik, motosiklèt ak lòt veyikil sikile chak jou. Akoz pon an pa la, sa lakoz gwo pwoblèm sikilasyon epi ogmante risk pou aksidan.

Jounen jodi a, popilasyon Pòdpe a ap lanse yon apèl bay Enjenyè Angelo pou retounen sou chantye a epi fè yon travay serye ki kapab garanti sekirite tout moun ak fasilite deplasman nan vil la. Rezidan yo ensiste pou travay la fèt selon nòm teknik ki dwe respekte pou yon enfrastrikti tèlman enpòtan.

Share:

Leave a reply