Gwo lapli ki tombe sou komin Tigwav pou weekend lan, lakoz Rivyè Ladig koze divès dega.

176
0
Share:
TRiboLAND

04 – 05 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Plizyé kay moun kap viv nan zòn perimèt Rivyè Ladig inonde, nan kad gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav, nan lannwit vandredi Sen 03 pou louvri samdi 04 Avril 2026 lan. Se kòdonatè kazèk 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav la, mèt Nosalito Soliman ki konfime nouvèl la.

Kazèk Nosalito ki deklare, li genyen gwo tèt chaje devan sitiyasyon malouk sa a, kote ke Rivyè Ladig ap manniganse pou anvayi moun kap viv nan perimèt rivyè a ak sant vil Tigwav,; yon sitiyasyon ke sa li estime ki pral pirèd pase ouwagan Melisa ki te pase nan lannwit madi 28 pou louvri mèkredi 29 oktòb 2026 pase a.

Kòdonatè katèl kazèk la, moutre li trè kritik kont pouvwa lokal ak santral li di ki pa fè anyen pou amelyore soufrans popilasyon tigwavyèn nan anba menas Rivyè Ladig ki riske frape pou yon inyèm fwa.

Nan sans sa a, administratè seksyon an, mèt Nosalito Soliman, mande nouvèl komisyon kominal Tigwav la ki genyen nan tèt li Federer Hilaire Admirablei, pou fè tout sa ki nan pouvwa li atravè pouvwa santral pou adrese pwoblèm Rivyè Ladig la yon fwa pou tout prese – prese pou nou pa pran yon lòt Melisaa.

Share:

Leave a reply