Bandi yo ap pèdi plim nan Nòdwès: yon lòt chèf gang blese grav e 3 lòt anba kòd

06-03-2022
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Aktivite operasyon san pran souf lapolis yo nan Nòdwès peyi Dayiti ap entansifye. Yon lòt fwa ankò yon chèf gang sangwen blese gravman e 3 lòt ganstè anba kòd, jodi vandredi 3 jwen 2022 a nan vil Pòdpè, daprè Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la.

Nan boukante kout zam, chèf gang Pierre Richard Désinord, 35 lane, alyàs Jeneral ki te alatèt yon ekip sangwen ki toujou genyen gro zam dezagreman nan men yo pou pèsekite sitwàyen yo : khalasnikov, revòlvè, fizi daso ak machèt, te blese gravman grav. Afrontman yo tap manniganse nan Ri Charlemagne Péralte, yon katye rezidansyèl nan vil Pòdpè.
Lapolis mete men sou 4 bandi sangwen nan moman yo tap simen panik ak detonasyon gro kout zam nan zòn Lakoup. Chèf gang Jeneral, se youn pami sa yo ki jwen arestasyon li; li pran plizyè bal alòske li anba gro suveyans lapolis pandan lap pran swenyaj medikal nan lopital Immaculée Conception nan site Kapwà Lamò a.






