Responsab yo nan lopital “Notre Dame” nan Jan-Rabèl prezante bay popilasyon an, 4 nouvo chanm modèn.

985

“Zones des petites chambres” se non 4 nouvo chanm, responsab yo prezante kòm kwa, yo ta tèt koupe ak chanm modèn.

06-24-2023

Jan-Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Responsab yo nan lopital Notre Dame Jan-Rabèl la, prezante bay gran piblik la, nan lavèy fèt Sen Jean-Baptiste la, 4 nouvo chanm pèsonalize, ke yo rele ” zone des petites chambres”.

Nan moman prezantasyon an, nou remake andedan chak chanm sa yo genyen, yon televizyon, yon vantilatè rechajab, yon kabanm, yon twalèt konfò modèn. Sepandan, dapwè responsab yo,chak chanm sa yo ap kapab akeyi sèlman yon grenn pasyan, ak pwòp kare enfimyè li.

Nan menm jounen sa a, dirijan yo ta pral prezante bay gran piblik la, yon aparèy k ap gen pou fè yon latriye egzamen byo-chimi tankou : bilan renal, bilan epatik, bilan lipidik, yonogram, poun site sa yo sèlman.

Gras ak jefò sa a, pasyan yo nan awondisman Mol-Sennikola, patikilyèman nan komin Jan-Rabèl, pral sispann kouri lago ti sengle, nan boske ti moso laswenyay nan vil Pòdpè ak nan divès lòt vil nan peyi Dayiti.

Comments are closed.