Gwomòn / Enfrastrikti : moun Gwomòn lanse yon S.O.S pou pon Dumèz

2,328

06-04-2022

Gwomòn, Ayiti____(TRiboLAND) “Pon Dumez”, se yon pon malè pandye ki trouve li nan Gwomòn, ki relye depatman Nòdwès la ak Atibonit. Pon an te rive detache ak wout la, nan moman te gen yon gwo lapli nan mwa mas ki sot pase la. Konsa, responsab MTPTC nan Latibonit te fè yon makiyaj pou fasilite transpò a; sepandan, selon detay yo te bay, sitiyasyon an depase yo, li mande entèvansyon Leta santral.

Nan debi sezon siklonik lan, ki kòmanse 1e jen, popilasyon an genyen anpil enkyetid sitou lè yo konnen kijan depatman Latibonit lan vilnerab lè gen siklòn.

Konsa, moun Gwomòn lanse yon S.O.S pap padap pou mande swadizan otorite yo, fè yon bagay rapid sou Pon Dumèz pou epanye popilasyon an anba evantyèl inondasyon ak trajedi. 

Hodney Fanuance

Comments are closed.