Pòdpè / Kilti : Gwoup EADL selebre 9èm anivèsè li

11-03-2022
Pòpdè / Ayiti ____ (TRiboLAND) École d’Apprentissage de la Danse Latine (EADL) selebre 9èm anivèsè li, jounen jedi 03 novanm 2022 a, nan One Love Night Club, atravè yon pwogram sosyo kiltirèl ki te reyini plizyè santèn moun. EADL se yon lekòl dans: Folklore, Hip-Hop, RNB, Cheers-Leaders kap evolye nan menm lokal kote yo reyisi gran aktivite sa, depi 9 lane.
Yon pwogram ki te kòmanse a 7è pou fini a 11 nan aswè. 9èm anivèsè a, reyisi sou non: “Pwomo Kerline Noël”.

Plizyè gwoup te reponn prezan nan gran aktivite sila, tankou: Thob Mob, Top Akabi ak plizyé atis ki tap pèfòme an solo pou te ofwi divès prestasyon, tankou: dans, teyat pou-n site sa yo sèlman. Yon pwogram ki te gen kòm Mèt Seremoni : Jeanty Jamesky ak Yolmithe Eliancé ki te vrèman anime foul la nan site Kapwa Lamò a, ki vrèman swaf jan de aktivite sa yo.
Pou moun te ka gen aksè antre nan baryè a, malgre kotizasyon 100 Goud la, ou dwe mete rad : Blan, Mov oubyen Nwa paske atravè pwogram sa, gen plizyè dans ki lye ak aktivite premye ak 2 novanm yo, pou-n pa di Gede.






