Lapolis mete boy nan pwa yon kòlonn gang sangwen kap dirije anba lobedyans Ti Makak

04-10-2023
Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis detèmine tout bon vre pou frennen fenomèn gang lan, atravè peyi. Lapolis Nasyonal peyi Dayiti, fè yon gwo kout filè nan Baz Gang Carlo Petit-Homme alyas Ti Makak ki twouve’l nan Tomasen jodi lendi 10 avril 2023 a.
Nan yon operasyon san mèsi ak kou sezi, fòs lòd yo arive lage muskad sou yon kolòn bandi ki arive bwè dlo bouch yo, san kote divès zam yo rekipere egalman.
Operasyon lapolis yo ta sanble yo pran chè; gen anpil moun ki deklare, ta sanble lwa ki danse nan tèt PNH la rantre nan tèt yo pou yo rann lavi sangwen yo san souf.
Antouka, malgre dwàt bandi Ti Makak yo te foure nan je fòs lòd yo yè dimanch 9 avril 2023 a, ajan lòd yo kontinye ap miltipliye batay san mèsi kont gang atravè peyi a, nan objektif pou kontinye etabli lòd ak sekirite popilasyon an.






