Yon dife ki lye ak komès gaz bay anpil panik nan vil Pòdpè

186
0
Share:
TRiboLAND

04/03/2022

Pòdpè_____(TriboLAND) Nan jou yo ki sot pase yo nan Pòdpè, yon dife tap paweze nan zòn Gota sou boulva Twà Rivyè a, kreye panik a akoz proliferasyon biznis gaz ak bataklan kap vann sou trotwà nan tout bout kwen nan site Kapwà Lamò a.

Dife a te kreye bonjan panik ak leve kouri, popilasyon an kritike otorite koupyon yo ki nan konivans ak machan komès anachik yo ki transfòme vil Pòdpè kòm yon veritab mache ghetto nan tout riyèl devan kay prive sitwàyen yo.

Dife a se rezilta iresponsab machan pèpè, gaz atè, machan fritay ak anpil lòt bataklan ti komès pil sou pil sou espas piblik (trotwà) ki rele leta chè mèt chè mètrès. Machann fritay ki ta chita toupre machan gaz okazyone dife ki mete anpil moun sou chòk, men ki pa koze tròp dega sinon ke anpil pèpè bwile.

Zafè vann gaz se tèt chaje nan vil Pòdpè. Tout twotwa ak anpil kay tounen ponp gaz; yon sitiyasyon ki depase konpetans administrativ otorite yo ki lage bay nan fè konfyolo ak propriyetè ponp yo. Malgre gen anpil moun ki viktim deja, men sa pa enpeche moun yo toujou ap itilize ou vann gaz nan yon fason ki reyèlman inasèptab.

Fanuance HODNEY

Share:

Leave a reply