Me ki sa TRiboLAND konnen de dènye aktivite gang yo nan Sen Lwi Dinò

329

11\01\20

  • Dènye afrontman ki te opoze group gang ame Levelt ak group gang ame Eric la nan Sen Lwi Dinò te okazyone yon sòlda nan kan Levelt te jwen lanmò li (koupe tèt) e Eric kòm alatèt te pran plizyè bal nan pye , selon dènye video li mete deyò vandredi 30 oktòb 2020 an.
  • Depi aprè afrontman yo, Levelt nan yon kote sekrè ap pran swen medikal anba chal.
  • Levelt mande tout patizan li yo ak reselè yo pou pran kouraj. “Se blese jwè a blese, men li pa kite football”, deklarasyon Levelt sou yon “voice” vonvon nan moman li ta sanble ke li te anba anpil doulè.
  • Levelt akize konmisè gouvènman Pòdpè a, Jean Volny Bellamin ki mare sosis li avèk group gang Eric, Ti Rach ak Armiel kap travay pou li.
  • Levelt ki koulya nan sere, demanti tout fo rimè ki ta vle fè kwè li nan men lapolis. Sepandan, li anonse moun Sen Lwi Dinò li yo “One Love” e manje pa niche chodyè, l’ap tounen; se petèt aprè 1 ou 2 lane, men l’ap tounen!
  • Levelt ki kalifye tèt li kòm jeneral, ankouraje pou group gang ou kòmandan tankou zòn Jean-Clair ak ti mesye “7 segonn” yo pou kontinye batay avèk koulin menm lè yo pa genyen zam.
  • Jiska prezan, popilasyon Sen Lwi Dinò a pa santi yon volontè manifès bò kote otorite lokal yo, notamman sa ki Pòdpè ki ta sanble yo nan danse kole ak diferan group gang kap taye banda nan vil la kap degrengole chak jou.
  • Erik, Gaston, Ti Rach, Levelt, ti mesye Jean Clair yo e latriye se pami moun sa yo ki responsab zak tèworis ou banditis kap fèt nan Sen Lwi Dinò ak tout lòt lokalite avwazinant yo tankou Gaspa ak Glasi Kouro e latriye.
  • Gro envèstigasyon ta dwe mennen sou ròl otorite Sen Lwi Dinò ak Pòdpè yo jwe nan bay group gang yo tete oubyen pou ki rezon tout anafè sa yo pa kapab anba kòd nan lanse yon operasyon koukouwouj pandan yon mwa dèyè tout chèf ak pepinyè gang, menm jan yo kòmanse fè li nan vil Okay.
  • Ta sanble, group gang yo ap fè travay sal yon seri otorite ki deja santi fyèv eleksyon.
  • Ankèt TRiboLAND yo revele gen anpil nan chèf gang sa yo ke yon seri senatè nan depatman an te toujou ap finanse.
  • Ankèt yo revele ke chèf gang yo ap travay pou yon seri otorite ki bezwen akapare tè yon seri abitan.
  • Ki sa ki esplike, aprè tout masak mwa dènye yo: konbyen douzèn moun ak plizyè santèn kay bwile, otorite yo pa deklentche yon operasyon nan diferan lokalite kote ke yo kapab fasilite yon seri sitwayen ki pran refij nan Sen Lwi Dinò retounen lakay yo? Ki sa otorite nan depatman sa yo itil pouvwa Jovenel Moise la ki pa fè santi otorite li nan zòn sa yo ditou ditou?
  • Moun kap sèvi pouvwa Jovenel Moise la nan Nòdwès pa delivre yon bon machandiz pou pouvwa a ki fè yo ap banbile nan yon djòb san proteje e bay sèvis a yon popilasyon ki fatige ak zak non-dwa.
  • Eske se Jovenel Moise ki oblije deplase soti Pòtoprens e antre nan Sen Lwi Dinò pou lage koukouwouj dèyè tout moun kap patoje nan aktivite gang ak zak tèworis?
  • Eske Jovenel Moise nan pwen sa pa ta merite panse a chanje pozisyon yon seri otorite nan depatman Nòdwès la ki trò konfòtab fas a proliferasyon gang lan ki kòmanse etann li tout bon vre nan Nòdwès peyi a.
  • Group gang ki jwen lisans pou fè sa yo vle anba je lapolis, ke sa pa gen lontan fèmen ak kadna madan Walème anndan pròp boutik li pou tèt senkant mil dola anba je lapolis.
  • Vil Sen Lwi Dinò enfekte ak proliferasyon gang e tout moun ap lonje dwat sou divès chèf tankou Levelt, Eric, Ti Rach, ti mesye Jean Clair yo e latriye; men yo konplètman retire yon seri otorite ki gen men yo tranpe ra gagann nan finanse ak bay diferan group gang tete pou fè fòtin yo.

Comments are closed.