Lapolis fouke senk pwezume kidnapè sangwen

214
0
Share:
TRiboLAND

01/02/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon yè jedi 30 septanm 2021 an, Lapolis mete men nan pat kasav senk pwezume kidnapè, pami yo yon polisye 28èm pwomosyon ki fè pati kò polis fwontalyè a, dapwè yon nòt enstitisyon PNH la mete deyò sou paj facebook li.

Yon operasyon ki te genyen nan tèt li komisarya Delma a, arive libere yon tinosan 8 lane ki rele Densley Estiverne ki te anba men yon pwezume kidnapè Jean Baptiste David nan Village Solidarité.

Nap raple, nan anpil ka pwezume arete kidnapè sa yo, yo toujou pa pran anpil tan pou jwen libète apwè ke gwo chèf kap finanse yo ranje ak jij sangwen (lajistis) pou mete yo deyò.

Share:

Leave a reply