Pòdpè : Gwo kriz nan lopital Imakile Konseksyon, tout sèvis Lopital Imakile Konsepsyon kanpe depi 17 Dawout

212
0
Share:
TRiboLAND

08/19/2026

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lopital depatmantal Nòdwès la, Imakile konsepsyon tonbe nan yon gwo kriz depi plizyè jou. Tout sèvis nan lopital la kanpe depi 17 Dawout 2026, yon sitiyasyon ki mete plis presyon sou yon popilasyon ki deja ap fè fas ak gwo difikilte pou jwenn swen sante. Kriz la vin pi grav depi aprè demisyon direktè medikal lopital la, Dr. Miclaude Paul, ki kite yon gwo vid nan fonksyònman enstitisyon an. Depi lè sa a, plizyè moun ki bezwen swen medikal ta jwenn pòt lopital la fèmen, sa ki soulve gwo enkyetid nan mitan popilasyon an.

Jodi mèkredi 19 Dawout ka, sitiyasyon an pran yon lòt dimansyon. Moun yo poko idantifye mete gwo kadna sou baryè ki bay aksè ak administrasyon lopital la, sa ki rann aksè ak espas administratif yo difisil. Pandan tan sa a, kesyon ap miltipliye sou vrè koz kriz la, responsablite diferan aktè yo ak mezi otorite yo ap pran pou evite yon pi gwo konsekans sou pasyan yo. Jiskaprezan, gen anpil enkyetid sou dat sèvis HIC yo kapab reprann nòmalman.

Nan mitan kriz sa a, plizyè temwayaj anplwaye ap kritike tou fason Direktè depatmantal Sante Nòdwès la, Eribert Metelus, ap jere dosye a. Daprè temwayaj sa yo, responsab depatmantal la ta ap bòy kote lopital la, san li pa pran dispozisyon efikas pou jwenn yon solisyon rapid ak kriz la. Akizasyon sa yo soulve kesyon sou kapasite ak reyaksyon responsablite depatmantal sante a devan yon sitiyasyon ki afekte dirèkteman aksè popilasyon an ak swen. Sepandan, pozisyon ofisyèl direktè a ak lòt responsab HIC yo ta nesesè pou klarifye akizasyon sa yo epi prezante vèsyon pa yo sou sitiyasyon an.

Nan yon depatman kote bezwen swen sante yo deja konsiderab, fèmti yon etablisman enpòtan tankou HIC pa kapab konsidere kòm yon sitiyasyon òdinè. Popilasyon Nòdwès la ap mande otorite konsène yo pote limyè sou kriz la, bay enfòmasyon klè sou sa k ap pase epi pran dispozisyon prese pou sèvis yo reprann. Nan yon moman kote chak minit kapab konte pou sove yon lavi, aksè ak swen sante pa yon liks, men yon nesesite fondamantal.

Share:

Leave a reply