Zile Lagonav :Yon bis boule rapyetè, yon jèn gason pèdi lavi l aprè li te fin resevwa yon latriye kout baton kout anba men Polis Minisipal nan Ansagalè.

2,290

06-13-2022

Ansagalè, Ayiti___(TRiboLAND) Yon bis pase anba flanm dife, divès barikad drese toupatou, se bilan yon leve kanpe aprè lanmò yon jèn gason nan Ansagalè sou Zile Lagonav.

Sedèn, se non yon jèn gason ki mouri byen bonè maten dimanch 12 jwen 2022 a, nan Ansagalè sou zile Lagonav, aprè maspinay ou britalite polisyè polisye sou yon jèn sitwàyen ayisyen.

Zak malonèt sa a, poze nan moman Sedèn tap sòti nan yon veye nan lokalite Zèb. Yo te kouri lopital ak Sedèn jis nan kapital la, Pòtoprens. Se konsa, kèlke jou aprè, TRiboLAND ta pral aprann viktim nan rann dènye ti souf la, jounen dimanch 12 jwen 2022 a.

 Nap soulinye pou ou, zak kriminèl ak asasinay sa a, ta pral soulve kolè popilasyon an, e lakòz yon bis kankannen devan komisarya a, wout bloke, gwo barikad anflame drese e san konte gwo mouvman protestasyon.

Comments are closed.