Nòdwès Ensekite: Bandi Sangwenn touye ak kout zàm e kout wòch Gérard Jean Louis, yon avèg

05/17/2021
Bèlvi, Pòdpè______(TRiboLAND) Gérard Jean Louis yon gason avèg aje 48 lane jwenn lanmò li nan vil Podpè, lokalite Bèlvi, (Wout Nan Bouchi), nan lannuit dimanch 16 pou louvri 17 me 2021 an.
Krim saa komèt aprè bandi sangwen ak zàm te rantre lakay viktim lan pou atake li, daprè jij depè Tribinal depè Pòdpè a, Me Paul Blanc, ki t al fè konsta legal yo jodi lendi aprèmidi 17 me 2021 an. Konsa, Jij Blanc fè konnen viktim nan ki se moun Jan Rabèl, yon nonvwayan e ki pat ko fin mouri, te resevwa anpil kout wòch nan tèt anba men bandi yo.

Majistra Paul Blanc fini pou di genyen yon ankèt ki deja louvri sou krim sa a ki arive komèt menm sou yon moun ki genyen “mobilite redwit”. Bandi yo te dechèpiye tout sa viktim lan te posede lakay li. Lajistis nan Pòdpè te dekouvri yon zàm kreyòl bandi yo te kouri kite bò kote viktim nan.
Yon parèy zak, montre klè kon klèwòz ke bandi sangwenn yo nan depatman Nòdwès la pa gen sansibilite menm pou avèg, selon Jij Paul Blanc ki mande pou PNH branch Nòdwès mete kanson l nan tay li pou korespon ak bagay sa ki definitivman vle taye banda nan Depatman Nòdwès la.
Saint Jean Wiskis






