Mèt Edler Louima lanse yon gwo avètisman, “Avoka pa dwe manyen lajan kliyan yo”

55
0
Share:
TRiboLAND

05/23/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Batonyè Òd Avoka yo nan Bawo Pòdpe a, Edler Louima, fè yon gwo rapèl sou kesyon etik nan metye avoka a pandan li t ap adrese manm kò a. Li mande tout Avoka yo pou yo sispann pratike move abitid ki konsiste nan manyen oubyen itilize lajan kliyan yo pou enterè pèsonèl. Daprè li, depi yon Avoka rive pran lajan kliyan ki te depoze sèlman pou sèvis legal oubyen pran plis pase sa lalwa prevwa, sa tounen yon vyolasyon etik grav ki sal repitasyon pwofesyon an.

Batonyè a eksplike onorè avoka yo deja byen defini nan kad legal la. Li fè konnen yon Avoka kapab touche 10% lè de pati yo rive antann yo san pwosè, tandiske pousantaj la kapab monte a 20% lè dosye a rive devan tribinal. Sepandan, li souliye si gen sèvis anplis ki fèt oubyen si kabinè Avoka a te oblije kouvri kèk depans pou kliyan an, fòk sa fèt sou baz yon pwotokòl akò klè ant kliyan an ak Avoka a pou evite konfizyon ak move entèpretasyon.

Mèt Edler Louima deklare li santi l endinye e menm dechire chak fwa li tande moun ap di “Avoka se vòlè”. Pou li, pawòl sa yo montre gen yon gwo kriz konfyans k ap devlope ant kèk avoka ak kliyan yo. Li pwofite lanse yon apèl bay tout manm Bawo a pou yo travay ak plis entegrite, transparans ak respè pou diyite metye a.

Share:

Leave a reply