Clifford Apaid deklare ke pwojè Stevia Agro Industrie Savane Diane nan se yo pwojè jeran kap genyen yon latriye retonbe pozitif

05/02/2021
Ench_______(TRiboLAND) Atravè Stevia Agro Industrie, fanmiy Apaid manifeste gwo anbisyon pou transfòme 32, 000 ekta tè an yon veritab chan agro-endistriyèl tankou: manyòk, zaboka, ak kann ki pràl fasilite plis pase 20, 000 travay dirèk.
Bò kote pa li, Jean Gesper ki se kowòdonatè Konsèy Administrasyon pwemye seksyon Sen Michèl Atalay, estime ke se yon pwojè manman penba ki pwàl fasilite twà retonbe pozitiv: li pwàl pèmèt Savane Dine soti pami zòn rekile ou non dwà yo; li pwàl pèmèt egalman yon flanbo devlopman lumen nan zòn nan; e finalman peyizan yo ki nan chomaj pwàl arive fè 500 goud pou chak jounen travay”, dapwè Gesper ki t’ap ekspwime kontantman li fas ak yon parèy demach.
Nan pwezantasyon li nan Ench 29 avwil dènye, komèsan Apaid fè konpwan pwojè Stevia Agro Industrie a pwàl konbat fenomèn ekzòd Ayisyen ki pa sispan al boske travay nan repiblik dominikèn.






