Nòdwès : Lekòl nasyonal Ofouno, yon lekòl k ap fonksyone nan yon sityasyon men nan machwè.

01/17/2022
Polen-Lakòn, Pòdpè______(TRiboLAND) Lekòl Nasyonal Ofouno, yon lekòl ki twouvel nan sizyèm seksyon Polen-Lakòn komin Pòdpè, ap fonksyone nan yon sityasyon trè kritik.
Se yon veritab etablisman kole pyese, konstwi anba yon gwo pye bwa men ki vrèman enfreyan. Se kòm si ou ta di kay koule twonpe solèy men li pa kapab twonpe lapli!
Etablisman Lekòl Nasyonal Ofouno chita sou yon nich pwoblèm ki pa piti tankou: pwoblèm latrin, pwoblèm dlo, pwoblèm materyèl, tablo, ban, adwaz, chèz,vwa poun ta pale de biwo pou pwofesè yo.

Yon seri pwoblèm ki pa etranj pou pèsòn ki dapwè ekip kap jere etablisman an ki deklare malgre tout demach ke yo fè bò kote biwo edikasyon nasyonal branch Nòdwès, nad marinad, yon bal pa pati!
Sepandan, pou divès sitwayen k ap viv nan zòn nan, ti kole pyese sa a rive fèt pou loje lekòl nasyonal sila; se gras ak èd Guitho Macénat kite bay kòb ak Mauricette Petit ki li menm te bay yon ti lokal nan fè ti demele restoran li.
Li enpòtan pou konnen, Lekòl Nasyonal Ofouno a tonbe alagoni depi aprè tranblemanntè 6-7 la te kraze yon gwo batiman ke yon blan ameriken ki te rele Shan te konstwi pou sitwayen yo.






