Plizyè sitwayen blese gravman grav nan kad yon aksidan sikilasyon nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

885

01 – 21 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Pou pi piti yon kenzèn pasajè sòti blese gravman grav, nan kad yon aksidan sikilasyon nan zòn Nan Sitwon, kèk kilomèt ak vil Senlwidinò, apremidi samdi 20 janvye 2024 la.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive rekeyi ta fè kwè, machin ki fè aksidan an tap sòti Ansafolè pou rive nan vil Pòdpè; konsa, ba direksyon veyikil la kase e lakòz plizyè moun blese.

Nan moman nap pale la, plizyè nan pasajè viktim yo sa yo deja ap pran swen medikal nan lopital Beraka Lapwent e kèk lòt sant sante nan depatman Nòdwès la.

Comments are closed.