Kou Dapèl Pòtopwens òdone liberasyon tout lòt akize nan zafè maskarad koudeta Ti Bwà a

193
0
Share:
TRiboLAND

03/24/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Se jodi mèkredi 24 màs 2021 sa a ke Kou Dapèl nan Pòtopwens òdone liberasyon makòn sitwayen pezib yo te akize nan maskarad koudeta Ti Bwà a, nan komin Taba.

Konsa, yon parèy desizyon pou mete an libète 17 pwizonye ki tap bwè pwizon sou akizasyon tantativ pakala kont ansyen presidan Jovenel Moise, 7 fevriye 2021 dènye. Jij  Gabriel Domingue, Yves Altitor ak Ernst Constant se Gran Toryan Lajistis sa yo ki deside òdone liberasyon pwizonye politik Abitasyon Ti Bwà yo.

Share:

Leave a reply