Grèv jeneral Sendika Chofè Transpò yo pa jwen jarèt nan Nòdwès: Pwofesè Clavel Gélin ap eksplike pouki

204
0
Share:
TRiboLAND

02/02/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Grèv Jeneral 2 jou Sendika Chofè Transpò yo te lanse atravè peyi a, soti lendi 1e fevriye 2021 pou rive madi 2 fevriye 2021, pa rive pran jarèt atravè Nòdwès.

Sendikalis e Pwofesè Clavel Gélin



Grèv jeneral la pa pran pye nan Nòdwès: sektè komès, biznis, transpò ak lekòl fonksyone pi byen ke nòmal. Nan yon virewon TRIboLAnd te efektwe atravè plizyè seksyon kominal depatman Nòdwès la ak enfòmasyon li rive boske nan men plizyè kòlèg jounalis nan lòt komin yo; se menm konsta a.

Nan rankont TRiboLAND avèk Kowòdonatè depatmantal UNNOH (Inyon Nasyonal Nòmalyen Ayisyen), nan rejyon an, sendikalis, pwofesè Clavel Gélin, sou dosye grèv la, deklare gen plizyè rezon ki fè modòd grèv la pa rive kenbe nan Nòdwès:
1_ Se yon pwoblèm kominikasyon nan moun k ap kowòdone mouvman grèv la. Savledi òganizatè yo te dwe chita pale ak sendikalis nòdwès yo, paske nan zafè grèv ak manif, depatman an se yon rejyon ki vrèman difisil nan sans sa a.

2_ Madàm prezidan an, Martine Moïse, se moun Nòdwès answit Jovenel Moïse te pase plis pase yon ventèn lane nan rejyon an.

3_ Gen kèk kote nan Nòdwès (Pòdepè/Mòlsennikola) ki anchantye. Popilasyon an pa vle fè grèv ak manifestasyon nan yon kontèks parèy fas ak diferan travay sa yo k ap efektwe nan zòn lakay li.

4_ Gen presyon ak entimidasyon opozisyon an nan Nòdwès ap sibi pou’l pa òganize ni grèv e ni manifestasyon. Kidonk, se tout rezon sa yo ki lakoz tout peyi a manifeste alesepsyon Nòdwès.

Selon enfòmasyon yo, se nan Nòdwès sèlman grèv sendika Transpò a pa rive pran jarèt. Sendikalis la, pwofesè Clavel Gélin fini pou mande pèp la pa pran nan anken pwovokasyon. Moun k ap goumen pa konn pèdi batay. Viktwa Final La Se Pou Pèp la!

Saint Jean Wiskis

Share:

Leave a reply