Pòdpè anba dlo ragagann, malgre gro efò travay kiraj gouvènman an

10\04\20
Pòdpè____(TRiboLAND) Gro aktivite dlo desann nan Pòdpè apt aye banda nan moman sa. Pòdepè anba dlo: zòn Chan Avyasyo, Latandri, nan Palan, Nan Grigri, Dètipotpe, Labèlplas, Nan Demelis, site Maxo, anwo Lavil, anba Lavil bloke. Ki donk li fè 5:30 nan moman sal redaksyon TRiboLAND ap travay sou enfòmasyon an! Anwo pa monte, anba pa desann akoz gwo lapli ki gen plis pase 1 èd tan kap sakaje vil la tout kwen nan vil la.

Malgre travay gouvènman an ap antreprann nan vil la: kiraj ou rekonstriksyon kanal, tretman basen vèsan yo ak kiraj plizyè kanal ki te bouche pandan plizyè deseni, sa pa anpeche Site Kapwa Lamò a ap pran lanm e inonde jodi dimanch 4 oktòb 2020 an. Kidonk, pa gen yon kay ki epanye.
Obsèvatè “mouye tranp” yo deklare, si vil la pran yon lòt rakle lapli anplis, se fè priyè pa nonmen non vil Pòdpè! Nan moman sa, dega yo deja bay lawouli. Se yon kesyon bon najè ak janbè ki ka rete sèlman tèt frèt; sepandan rèl divès kwen nan popilasyon pa sis pann rele konkou otorite tankou TPTC ak Lameri.
Saint Jean Wiskis






