Senatè Louis Onondieu antòtye nan bwiganday zak kòripsyon

0 533

Pòtopwens__(TRiboLAND) Finalman se tout bon Kèstè Sena repiblik la, Senatè Louis Onondieu pwi nan moulen kote ke yo idantifye li kòm moun kap naje ragagann nan kòripsyon: detounman gwo magogo sakèt leta, lavaj ak rense lajan, fòtunn illegal ak asosyason malfèktè swit a arestasyon DCPG te fè nan yon Unibank nan Petyonvil la fwa dènyè.

Dapwè rapò Fondasyon Je Klere ki jwenn jarèt rapò DCPG ki mande konmisè gouvènman Paul Eronce Villard pou mete aksyon piblik an mouvman yon fason pou bay jarèt a yon ankèt ki pi long dèyè yon seri de gwo aktivite kòripsyon ki enplike Senatè Olondieu Louis avèk moun tankou Marie Myrlande Georges ki danse kole ak yon kont ki idantifye sou: 004-155-475-8 san konte yon lòt kont 004-019-400-3 ankò ki gen menm fòm tèt ak Ysmik Choute san bliye Cassandra Jean, kap naje sou yon seri nwaj sal anndan antrepwiz ki rele “Revelasyon Rent-A-Car” ki bwid sou kou chanje kasak an depo “Bwason Gazez” kap layite nan Vètis, Sen Lwi Dinò.

Malvèsasyon ak vye tranzaksyon chèk ki soti nan manmèl antrepwiz sa e ki genyen tou tras dwat pike kole Ysmik Choute nan period mwa 2018 yo, montre a ki pwen kafe Senatè-a pa klè, si nou ta vle repete apwè rapò Fondasyon Je Klere a ki mande pou ta genyen bonjan ankèt sou fòtunn Senatè Louis Onondieu ke yon ta dekouvwi ki danse kole ak yon gwo rezo kap benyen nan kòripsyon finasyè.

Moun tankou Jimmy Fervil, Arnel Nelson, ak Andre Auguste pou nou site sa yo selman ki repwezante kolònn vètebral rezo malfèkte ki pa ditou voye je gade nan ki volimm fatra ak malsite popilasyon Nòdwès-la ap patoje. Sa fè nou konpwann, genyen kriminèl pase kriminèl! Nou rete kwè ke se yon lòt labou santi Senatè Olondieu, ki sètènnman pa sèl moun ki lage labou sou do popilasyon kapwaz-la ki pa bouke pwan kout ponya anba men atoufè kriminèl ki degize ak kravat e ki pa reyèlman genyen ti kal konsyans pou yon pèp ki nan yon mizè enfènal depi yon syèk.

Genyen anpil lòt kakachat ki gen pou deplòtonnen nan nannan kont an bank Marie Georges la; devan sa ki genyen, sa poko anyen la. Sepandan, restitisyon lajan sa yo ki fèt nan move kondisyon sou do Nòdwès kap efondre nan faminn chak jou, kapab fèt lapoula si anketè yo chèche sipò yon seri enstitisyon entènasyonal ki kapab detekte tras fòtunn Senatè Onondieu Louis ki badichonnen depatman an ak yon lòt labou wonte tankou anpil lòt moun kon Laleau ak anpil lòt eli depatman an ki pase deja nan kòripsyon. Si nou ta vle repete apwè ansyen pwezidan PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) a, Michel Martelly, “Pa gen kote ki bay depite ak senate vòlè pase Nòdwès.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Leave A Reply