Yon patwouy polisye bastone yon jounalis Radyo Tele Karaib

170
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens____(TRiboLAND) Malgre li te genyen otorizasyon sikilasyon nan moman kouvwefe a ke gouvènman an etabli pou reponn ak egzijans kovid-19 la, Jounalis Radyo Tele Karaib, Georges Allen te pase move moman anba men yon patrouy polisye yèswa nan Delmas 33 tou pwè lopital Lapaix pandan li te nan wout pou lakay li.

George Allen, Jounalis

Selon Guyler Cius Delva (SOS Jounalis) youn nan Gran Toryan nan domènn jounalistik ki te oblije sou plas e menm temwanye nan ki nivo pwèske yon dizènn polisye maltrete Georges Allen malgre pwovizyon legal ke leta te akòde li. Dapwè senyò jounalis la, dwa George Allen vyole sou pwetèks li vyole kouvwefe pou kowonaviris la.

Guyler Delva kontinye pou li di, sa li wè ki pase jounalis la, li pa ka pale! Li rann pèsonèlman Pwezidan Jovenel Moise, PM Jouthe Joseph ak Minis Kominikasyon ak Kilti a, Eddy Jackson Alexis responsab kòm moun ki vle etabli yon diktatè anndan peyi a anba lòbèy sa ki makònen ak yon pwojè dictatè anba kouvèti kowonaviris. Guyler di li estomake pou tèt gouvènman sa ap egzije jounalis jwenn otorizasyon nan men yo avan yo sikile; Konstitisyon peyi a pa bay gouvènman an tou dwa sa, selon (Atik 28.1).

Anpil konfwè jounalis pat pran tan pou reyaji e voye senpati ak sipò yo bay George Allen ki nan yon eta deplorab. Se pa pwemye fwa jounalis ou dwa endividyèl moun vyole avèk zak bwigandaj gouvènman Moise/Joseph la ki kache dèyè Kowonaviris la ak apwi gouvènman Donald Trump pou avanse avèk yon seri mezi diktatoryal anndan peyi ke yo deja pa ka reje a. Yon bon kantite jounalis arive akrese e menm mouri sou gouvènnman PHTK sa san jistis. Sa pa gen lontan peyi a te anrejistre menm zak malonèt sa yo ki te fèt sou Loucko Désir, Dorélus ak divès lòt nan vil pwovens yo.

Share:

Leave a reply