Gouvènman Jovenel-Jouthe anvizaje achte plis pase 20 milyon mask lokal

203
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens____(TRiboLAND) Demann mas pou fè fas ak kovid-19 la sou planèt la rive nan apoje li. Anpil gwo konpayi tekstil oblije chanje estrateji nan divòse avèk vètman pou travèse nan pwodiksyon mas ki se yon pwodwi ki ekstrememan trè rechèche nan moman sa atravè planèt la.

Konsa, li pa diferan pou gouvènman Jovenel-Jouthe la, ki arive fè pwèv de veyativite ou pwoaktivite lè li deside re-ouvwi yon seri antrepwepriz tekstil ki kapab pwodwi mas sou mache lokal la ak entènasyonal la.

Konsa, otorite gouvènnmantal yo deside achte plis pase 20 mil mas ki apepwè yon pati nan sa konpayi sa yo pwodwi. Se yon deal ki fèt sou sètènn kondisyon ki chita tankou sou: dabò, fè don de 1 milyon mas ki respekte pwotokòl (MSPP ak OMS) yo a Leta; e lòt ki gen pou wè avèk pwi pweferansyèl (anpil fwa sèten faktori pran yon pakèt plezi pou yo vann Leta ayisyen sèvis ou pwodwi tèt nèg e ki konn 20 fwa plis ke pwi lòt faktori nan peyi lòt bò dlo egzije).

Se yon trè bèl desizyon nan yon konjonkti parèy. Fasilite yon ti minimòm anplwayabilite se trè saj e mize oubyen kwè nan sa lakay ou fabwike se ankò pi gwo bagay ke peyi a bezwen nan yon moman kote ke anpil peyi ap pyeje lòt peyi ak vye pwodwi ki kapab bay anpil lòt maladi. Lakay se lakay! Konsome pito pwodwi òganik lokal, se valorize potansyalite nèg lakay!

Share:

Leave a reply