Kovid-19 la kontinye ap bay malmakak nan peyi Etazini, plis pase 201,961 moun an pase 24 èd tan

256

11\11\20

Etazini____(TRiboLAND) Etazini koutinye ap pran lanm ak rekò kotidyen ak epidemi kovid-19 la, pou pi piti inivèsite Johns-Hopkins anrejistre plis pase 201,961 enfekte madi 10 novanm 2020 an.

Premye pwisans ekonomik mondyàl la egalman deplore plis pase 1 500 mò nan yon sèl joune. Peyi Etazini, se peyi ki pi andèy anba pandemi a avèk 240 000 mò. Depi yon semen kantite moun kap enfekte yo pa sispan moute balkon; yo depase nòmalman 100 000, yon nivo ke li pa janm rive.

Apa de sa, kantite moun ki ospitalize yo bay anpil men nan machwè avèk yon seri rekò: 62 000 moun ki nan moman sa ospitalize akoz kovid-19 kap layite kò l sou tèritwà ameriken an daprè Covid Tracking Project, bagay moun poko janm wè depi konfimasyon premye ka ofisyèl kovid-19 la nan fen janvye a nan peyi Etazini. Rejyion ki pi difisil yo konsène Nò ak Sant Etazini.

Comments are closed.