Nòdwès: Kalandrye opozisyon an pou mobilizasyon anti-Jovenel Moise pou mwa Desanm nan

174
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè___(TRiboLAND) Opozisyon an nan Nòdwès mete deyò kalandriye mobilizasyon anti-Jovenel Moise pou mwa Desanm 2019 la yon fason pou rive deboulonnen prezidan endekse-a nan Palè Nasyonal.

Enfòmasyon kap sikile la nan depatman Nòdwès la, sitou bò kote moun ki danse kole ak pouvwa kote nan jou k pral vini la yo ,fè eta de vizit chèf lokatè Palè Nasyonal la ansanm ak madanm li, Martine Moïse nan depatman ki pi mepwize-a. Konsa, selon enfòmasyon yo, yo gen pou yo vinn patisipe nan 2 fèt patwonal nan depatman Nòdwès la nan dat 5 Desanm 2019 nan Mòl Sen Nikola ak 8 Desanm ki se fèt Imakile Konsepsyon, patwón vil Pòdpè.



Pótpawól Opozisyon an, Pwofesè Mertilus Andalasse, nan kad yon konferans pou Laprès jounen Vanderdi 29 Novanm 2019 la, kalifye yon tèl enfomasyon de pwovokasyon paske, selon Andalasse, nan moman prezidan Moïse tap mennen kanpay elektoral li, li te fè pèp Nòdwès la yon dividal pwomès tankou: konstriksyon wout Kafou Jóf – Ansafolè, Baraj sou Flèv Twa-Rivyè, Konstriksyon wout Jean-Rabel, Mòlsennikola, Bonbadopolis, Bèdeènn, konstriksyon Ayewopò, Waf nan Pòdpè pou nou site sa yo sèlman e ki toujou sou papye.

Pwofesè Mertilus Andalasse ki anonse yon seri mobilizasyon ki gen pou deklannche atravè 10 kominn depatman Nòdwès la apati 4 Desanm 2019 e ki ap bout jiskaske Jovenel Moïse kite Palè Nasyonal.

saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Share:

Leave a reply