Arestasyon Arnel Belizaire nan Sidès peyi-a

0 577

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè ke li te finn chape anba men ajans PNH yo nan Sen Mak yè Vandredi-a, finalman Inite Depatmantal Mete Lòd yo nan Jakmèl arive mete men sou ansyen depute 49èm lejislati la, Arnel Joseph nan lanwit 29 Novanm pou rive 30 Novanm 2019.

Arnel Belizaire

Ansyen depute Delmas/Tabarre a, ki tap trese lèl depi plizyè jou apwè ke Komisè gouvènman Pòtopwens lan, Mèt Jacques Lafontant te lanse yon manda “pote vini” kont li, akoz menas sibvètif kont leta. Arnel te arive file kon zangi nan yon tantiv arestasyon nan Sen Mak.

Antouka, ajan UDMO yo mete men sou Arnel nan antre Sidès peyi-a. li te gen avèk li apepwè 8 gason batayè ki te ame jous nan dan. Responsab ajans mete lòd yo akapare plizyè wouzi ak 9 milimèt.

Arnel ki tap bay yon konferans ayè Vandredi-a nan Sen Mak, te repliye e arive tronpe vijilans ajans Brigad entèvansyon ak rechèch (BRI), SWAT ak DCPJ ansanm avèk yon jij depè jiridiksyon Sen Mak la ki te detèmine pou pwosede ak arestasyon ansyen depute a.

Leave A Reply