Edmond Mulet, ansyen Repwezantan Sekretè Jeneral e Alatèt Mission Stabilization Nations Unies en Haiti (MINUSTAH) sijere enstalasyon Kòmand Sid Etazini an nan peyi Dayiti

Edmond Mulet, ansyen Repwezantan Sekretè Jeneral e Alatèt Mission Stabilization Nations Unies en Haiti (MINUSTAH) sijere enstalasyon Kòmand Sid Etazini an nan peyi Dayiti
Sen Domeng___(TRiboLAND) Nan yon ti chita ke li te fè avèk direktè Listin Diario, Miguel Franjul, Edmond Mulet, ansyen Repwezantan Sekretè Jeneral e Alatèt Misyon Stabilizasyon Nations Unies an Ayiti (MINUSTAH) rekòmande 2 aksyon aktyèlman nan peyi Dayiti:
a) asistans pwese pwese avèk kriz imanitè aktyèl la nan mobilize tout fòs nesesè ki ka garanti pwovizyon alimantè pou Ayisyen yo;
b) se mete yon konferans entènasyonal ki dwe fèt sou Ayiti e ki ka reyini tout peyi nan Amerik la, Inyon Ewopeènn, Kanada, Etazini, Lafwans ak peyi Espayn ki kapab patisipe nan pwan desizyon yo.
Nan sa ki gen pou wè avèk aspè imanitè-a, nou dwe anvizaje arive nan peyi Dayiti kòmand Sidès Etazini an, ak tout fòs militè li yo yon fason pou enstale li e asure tout aksyon ijan moman an ki kapab apwovizyone manje pou tout moun sa yo. “Koulya dwe genyen aksyon imedya, e mwen pa wè oken lòt moun ki gen ase kapasite lojistik pou fè sa,” dapwè Edmond Mulet.
Kanta pou konferans entènasyonal la, Mulet sijere ke Nasyon Zini kapab pwomote inityativ sa yo men sèlman anba demann kèk lòt peyi. Ansyen Sekretè Jeneral la rapouswiv pou-l di: “Genyen apepwè 5 misyon Nasyon Zini ki efektye nan 30 dènye ane yo nan peyi Dayiti, yo vini e yo ale sitou lè Konsèy Sekirite a santi ke peyi-a nòmalize. “Nou pa ka kontinye konsa, sa nou bezwen koulya se yon nouvo manda, men yon manda egzekitif, non sèlman pou retabli lapè ak sekirite kap dire sèlman pou 20 lane,” dapwè Mesye Mulet ki tap reponn kesyon jounalis dominiken an.
Pou divès moun, li difisil pou moun kwè nan jan demach sa yo, sitou si li soti bò kote Edmond Mulet ki te deja fè echèk nan peyi Dayiti. Lòt moun estime se yon lòt mwayen ankò pou kontinye ridikilize e mete peyi Dayiti anba yon fòm esklavaj. Ayiti fè anpil eksperyans sitou ak titèl Nasyon Zini ki pa janm debouche sou oken chanjman serye.
Nap raple, Kòmand Sidès Etazini an li baze nan vil Doral nan Eta Florid; li se yonn pami 11 baz Kòmann Inite Konba Depatman Defans peyi Etazini ki la pou ofwi planifikasyon enprevi, operasyon, ak koperasyon sekirite pou Amerik Santral ak Amerik Sid, Karayib la (eksepte eta Ameriken, teritwa, ak byen), dlo teritoryal yo, ak pou pwoteksyon fòs nan resous militè Etazini nan tout kote sa yo. USSOUTHCOM responsab tou pou asire defans Kannal Panama a ak zònn kanal la.






