“Team Broken Earth” anile vwayaj li an Ayiti akoz zak vyolans kap pwan pye

185
0
Share:
TRiboLAND

Team Broken Earth ranvwaye vwayaj asistans medikal li te konn abitye fè an Ayiti. Doktè Andrew Furey ki se alatèt Team Broken Earth la, fè soti yon kominike jodi Samdi 5 Oktòb 2019 la ki konfime ke ekip la deside fè yon retrè sou vwayaj plis pase 3 ekip volontè te pwevwa fè an Ayiti akoz eskalad vyolans yo kap taye banda espesyalman nan kapital la, Pòtopwens.

“Fwanchman, se pat yon desizyon ki te fasil pou pwan, sepandan sekirite volontè nou yo vini avan tout desizyon nap pwan”, dapwè Doktè Furey.

Depi mwa pase, soulèvman, pwotestasyon, barikad anflame pa sispann deranje sèvis twanspò nan peyi Karaib la, epi mete sou sa, tout moun nan izòlman. Doktè Furey rapouswib pou li di ke tout moun kap volontè nan Team Broken Earth la, te okouran enstabilite politik peyi-a lè yo tap sinye, men yo te chwazi pou ranvwaye vwayaj la pou yon lòt lè pa mezi pwekosyon.

Team Broken Earth ki te gen pou antre an Ayiti nan mwa Oktòb sa, oblije ranvwaye vwayaj la pou 2020. Team Broken Earth deja antrepwann plis pase 50 vwayaj an Ayiti, depi lè peyi-a te fwape nan mwa Janvye 2010 anba grif yon tèrib aktivite latè tranble.

Share:

Leave a reply