Lamarin dominikèn entèsepte yon kannòt chaje ak ayisyen nan yon vwayàj anbachal

08/27/2021
Sen Domeng_____(TRiboLAND) Lamarin dominikèn entèsepte nan zòn Boca de Laguna, de Miches, El Seibo yon kannòt chaje ak resòtisan ayisyen antase sadin ki tap kase bòde pou antre Pòtoriko anbachal.
Gwoup ayisyen sa yo ki te apapwè 99 an total (42 fanm e 57 gason) te pil sou pil tap eseye tante antre nan Pòtoriko nan kondisyon illegal, te jwen arestasyon yo e kondwi nan sant rapòtè naval M-2 Lamarin nan Los Mameyes nan zòn Ès Sen Domeng pou lòt pouswiv legal ki gen pou wè avèk sèvis migratwà ou rapatriman.
Nap raple, genyen plizyè dominiken ki jwen arestasyon yo nan reselè ak planifye yon parèy vwayàj riske e anbachal.






