Foutbòl: KOPNO bat bwavo ak kontanman pou viktwa Grenadye yo nan Gòl Kòp la

0 382

Ansanm Kowalisyon Óganizasyon ak Pati Politik Opozisyon an nan Nódwès “KOPNO”, salye viktwa Grenadye yo pou pèfòmans yo tout olon Gòl Kòp 2019.

Paul Elie Faustin, Porte-parole KOPNO

Responsab Kowalisyon an ale pi lwen pou-l di ke foutbòl peyi Dayiti-a te kapab vanse pou pi douvan si toutfwa dirijan eskanmòtè nou yo pat vòlé Kòb Petwo Karibe-a. Yon kòb ki pase an gagòt! Yo estime se yon lajan ki te dwe mete peyi-a sou chemen devlopman alòske dirijan fè konprann yo konstwi 25 estad ki pa verifyab. Alòskè selon popilasyon-an, se bout tèren katye ki tèt koupe ak ti pak kote zannimo ap banbile nan yo, sitou nan Nòdwès.

 Konsa, ansanm kowalisyon òganizasyon ak pati politik opozisyon nan Nòdwès mande pou “trennen devan lajistis tout moun, tout konpayi, tout enstitisyon ki gen non yo site nan rapò Kou Siperyèdèkont lan, kòmanse sou Pwezidan Repiblik la, Msye Jovenel Moise”, se deklarasyon youn nan pòtpawòl kowódinasyon kowalisyon an Nòdwès, Paul Elie Faustin.

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

credit photo: ferisport.com

Leave A Reply